Нажмите ESCAPE быстро покинуть этот сайт. Узнать больше Для немедленной помощи, пожалуйста, позвоните Флорида насилия в семье Горячая линия 1-800-500-1119
Liyn Dirèk/ Planifikasyon Sekirite/ Resous Yo
Liyn Dirèk Vyolans Domestik Florida
FCADV opere liyn dirèk vyolans domestik pou tout leta‑a. Enfòmasyon yo disponib nan lang Angle, Espagnol ak Kreyòl. Depi nenpòt kote nan Florida, yon chapè kapab jwenn aksès nan sant vyolans domestik ki pi prè li pou sèvis dijans si li rele 1‑800‑500‑1119 epi li peze 1 chak fwa yo mande li pou fè sa. Konsèy legal, referans yo ak enfòmasyon pou viktim yo disponib si ou peze 3 nan orè‑a. Pou pale avèk biwo administratif FCADV la oswa pou jwenn resous yo depi biblyotèk leta‑a, peze 4 sou orè‑a.
Planifikasyon Sekirite
Planifikasyon sekirite se pou moun ki:
•Ap abite avèk yon moun kap fè abi, paske danjè‑a kapab rive nenpòt lè.
•Ap planifye pou debagaje – paske la plipa nan moun kap fè abi yo pa kite viktim nan ale nan la pè.
•Ap viv apa – paske danjè‑a gen dwa grandi aprè yon chapè ale oswa li gate yon relasyon.
Liyn Dirèk Vyolans Domestik Florida
1‑800‑500‑1119
TTY: 1‑800‑621‑4202
Liyn Dirèk Vyolans Domestik Nasyonal (National Domestic Violence Hotline)
1‑800‑799‑7233
TTY: 1‑800‑787‑3224
Resous Yo:
Liv Premye Pa
Premye Pa se yon brochi sou vyolans domestik (domestic violence – DV) pou edikasyon ak resous yo ki te kreye pou ede viktim nan vyolans domestik ak moun ki vin sispèk nan sa. Li enkli enfòmasyon sou vyolans domestik, yon plan sekirite nan detay, ak yon list ki gen non ak nimewo liyn dirèk yo pou 38 nan 42 Sant DV Florida‑a. Brochi Premye Pa te vin posib deske yon donasyon ke Depatman Sante Florida (Florida Department of Health) te rezevwa ann akò avèk Kowalisyon Florida Kont Vyolans Domestik (Florida Coalition Against Domestic Violence) epi de Fon Prevansyon Vyolans Lafanmi (The Family Violence Prevention Fund). Brochi Premye Pa‑a ekri nan yon nivo katryèm nan lekòl. Gen twa lang ki disponib:
Ou oblije pou genyen Adobe Acrobat Reader pou gade dosye sa‑a yo. Ou mèt jwenn enfòmasyon ki jan pou fè rekèt nan kopi brochi Premye Pa (First Step booklet) nan websayt DOH Florida First Steps (Premye Pa).

