Klike Kouri al nan byen vit kite sit sa a. Aprann plis
Pou èd touswit, tanpri rele Liy Dirèk pou Vyolans Domestik nan Florid la nan 1-800-500-1119
Sivivan k ap Koute Pwojè
Objektif pwojè sa a se pou asire vwa sivivan yo rete vwa ki prensipal ak kontinye bay enfòmasyon pou travay Florida Coalition Against Domestic Violence (FCADV).
Yon tèm prensipal pwojè sa a sèke entèpretasyon lide sivivan yo bay la enpòtan pou travay nou ak pou Battered Women's Movement. Avèk sa kòm objektif, FCADV ap kontinye ofri opòtinite pou fanmi ki pran kou/ki te konn pran kou fè konnen siksè yo, difikilte yo, ak leson yo aprann nan rankont yo sou wout pou sekirite.
FCADV te tande vwa 106 fanm ak 1 gason siviv nan vyolans domestik, sa ki reprezante kominote riral (27%), kominote lavil (39%) ak kominote banlye (24%) toupatou nan eta a. Nou te tande jèn sivivan, sivivan laj mwayen ak sivivan granmoun aje. 55% moun ki te patisipe nan sondaj demografik nou an te gen timoun k ap viv lakay yo. 31% moun yo te selibatè, 25% fanm yo te separe, 20% te divòse, epi 18% te marye. 48% te nan chomaj epi yo t ap chèche travay, 4% te retrete, epi sèlman 18% t ap travay atanplen.
Sivivan yo te fè nou konnen souvan de (2) bezwen yo te genyen prese-prese se pou lojman ki pa chè ak yon sistèm jistis san patipri, ki pi byen edike ak sansib: jij, avoka lwa sou fanmi, lapolis, ak pouswit lajistis, tankou lwa imigrasyon ak lapolis. Yo te fè nou konnen tou pwochen bezwen prese-prese yo se te pou travay ki peye yon salè konvnab, bon kalite gadri ki pa chè.

