Klike Kouri al nan byen vit kite sit sa a. Aprann plis
Pou èd touswit, tanpri rele Liy Dirèk pou Vyolans Domestik nan Florid la nan 1-800-500-1119
Amelyorasyon Prevansyon nan Vyolans Domestik ak Kalite Lidè Nan Alyans (DELTA)
Apèsi sou Pwogram DELTA Eta Florid
Depi ane 2002, FCADV t ap travay avèk Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) pou devlope ak egzekite pwogram Amelyorasyon Prevansyon Vyolans Domestik ak Kalite Lidè Nan Alyans (DELTA). Nan ane 2003, FCADV te òganize yon Komite Sipèvizyon DELTA ki fòme avèk yon plizyè gwoup pwofesyonèl nivo leta ki gen responsablite tankou pou ofri konsèy ak sipò pou Kowòdonatè Leta epi pou bay èd nan kontwòl pwojè lokal yo. Nan ane 2006, Komite Sipèvizyon an te ogmante responsablite li yo ki te evolye pou ajoute responsablite pou kreye yon plan prevansyon nan nivo leta. Kounye a, Komite a rele Komite Direktè Eta DELTA.
FCADV pran angajman pou avanse entèpretasyon ak egzekisyon prensip prevansyon primè yo nan nivo lokal. Lajan DELTA te afekte FCADV pou ofri plizyè fòmasyon ak vizit asistans teknik pou pwogram DELTA lokal yo nan eta Florid.
FCADV ap kontinye sipòte pwogram DELTA lokal yo. Pou fè sa, l ap ofri evalyasyon pwogram nan ak asistans teknik. FCADV rankontre avèk pwogram lokal yo regilyèman pou ankouraje Getting to Outcomes, yon estrikti planifikasyon, ak evalyasyon pouvwa. Kowòdonatè DELTA leta a konsantre tou sou prevansyon primè a pandan fòmasyon yo avèk òganizasyon ki pa nan DELTA ak òganizasyon patnè yo.
Direksyon Fiti Leta
FCADV pran angajman pou avanse prensip prevansyon primè yo nan nivo leta. Kowalisyon an te, epi ap kontinye, ankouraje san pran souf prevansyon ak plan primè yo. Pou fè sa, l ap entegre prevansyon an evènman k ap gen pou reyalize. FCADV ak Komite Direktè Leta kreye yon Plan Prevansyon Vyolans Patnè Entim nan nivo eta k ap gide efò li yo nan ane k ap vini yo. Yon evalyatè pouvwa ap travay anpil avèk Kowòdonatè Eta ak Komite Direktè Eta pou egzekite plan sa a. FCADV ap kontinye egzekite prensip prevansyon yo, konsèp yo, ak pratik yo andedan Kowalisyon an, epitou l ap ofri asistans teknik pou pwojè lokal yo, epitou l ap fè fòmasyon sou prevansyon primè vyolans patnè entim.
Pwojè Lokal
Pwojè 1
CCR: Gwoup Travay sou Vyolans Domestik nan Konte Orange
Ajan Fiskal: Harbor House
Popilasyon Priyoritè: Jèn moun, kominote moun koulè ki jwenn ase sèvis
Pwojè 2
CCR: Gwoup Travay sou Vyolans Domestik ak Kadejak nan Konte Pasco
Ajan Fiskal: Sunrise of Pasco County, Inc.
Popilasyon Priyoritè: Jèn moun ak moun ki pa jwenn ase sèvis
Pwojè 3
CCR: Komite Kont Vyolans Domestik Konte Palm Beach
Ajan Fiskal: YWCA, Harmony House
Popilasyon Priyoritè: Jèn moun, imigran ak kominote moun koulè
Pwojè 4
CCR: Komite Kowòdinasyon kont Vyolans Domestik nan Okaloosa-Walton
Ajan Fiskal: Shelter House, Inc.
Popilasyon Priyoritè: Jèn Moun
Pwojè 5
CCR: Gwoup Travay sou Vyolans Domestik nan Konte Alachua
Ajan Fiskal: Peaceful Paths Domestic Abuse Network
Popilasyon Priyoritè: Jèn Moun
Pwojè 6
CCR: Gwoup Travay sou Vyolans Domestik nan Konte Pinellas
Ajan Fiskal: The Haven of RCS
Popilasyon Priyoritè: Jèn moun ki pa jwenn ase sèvis
Pou jwenn plis enfòmasyon sou Prevansyon oswa sou Pwojè DELTA, kontakte Kowòdonatè DELTA Florid:
Objektif Pwogram nan
Dapre Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC), vyolans domestik se yon pwoblèm sante piblik enpòtan Ozetazini. Rechèch ki fèt endike Vyolans Patnè Entim (IPV) egziste sou yon baz pwogresif ant vyolans pa epizòd- yon ka senp oswa yon ka okazyonèl-ak zafè bay kou (Johnson, 1995). Bay kou se yon bagay ki fèt pi souvan, epi li fèt anpil. Li konsène yon patnè ki devlope ak antreteni kontwòl sou lòt patnè a. Pou jwenn lòt enfòmasyon sou enpòtans ak konsekans IPV, al gade fèy enfòmasyon IPV Sant pou Kontwòl ap Prevansyon Maladi (CDC).
Tout fòm IPV yo, ant vyolans pa epizòd ak bay kou, kapab evite. Kle pou prevansyon an se konsantre sou vyolans premye fwa a ak sou fason pou yon patnè vin viktim pou premye fwa. Pa gen ase konesans sou faktè ki ankouraje IPV. CDC ap travay pou pi byen konprann trajektwa devlòpmantal ak sikonstans sosyal ki lakòz kalite vyolans sa a. Answit, ajans lan ap ede òganizasyon yo evalye efikasite pwogram ki egziste yo pou redui kantite viktim ak zak vyolan.
Pwogram Amelyorasyon Prevansyon Vyolans Domestik ak Kalite Lidè Nan Alyans (DELTA) ap chèche redui konsekans lan (sètadi, kantite nouvo ka) IPV nan yon kominote ki finanse yo. Pwogram nan abòde kontinwite antye IPV ant vyolans pa epizòd ak zafè bay kou avèk plizyè kalite aktivite.

