Klike Kouri al nan byen vit kite sit sa a. Aprann plis
Pou èd touswit, tanpri rele Liy Dirèk pou Vyolans Domestik nan Florid la nan 1-800-500-1119
Pwogram INVEST
The Intimate Violence Enhanced Services Team se yon pwogram inik ki deziyen pou ofri jesyon sèvis entansif ak asistans pou moun yo idantifye kòm moun ki nan sitiyasyon ki ka mouri.
FDLE te kreye Intimate Violence Enhanced Service team (InVEST) nan ane 2006 nan 5 konte ki gen pi gwo to omisid domestik. Paske viktim ki nan pi gwo risk yo pa chèche sèvis, yo pa resevwa planifikasyon pou sekirite oswa evalyasyon danje. Modèl inik InVEST pèmèt lapolis ak sant DV yo travay ansanm pou idantifye viktim ki na gwo risk pou omisid, epitou pou amelyore posiblite yo pou resevwa sekirite pou yo pa vin viktim ankò. Yo kreye Jacksonville InVEST depi 11 ane. Li sèvi kòm yon modèl pou sant ki egziste yo: Konte St. Lucie, Konte Alachua, Konte Orange, ak Konte Seminole Co. Siksè sant sa yo te kòmanse jwenn sipò Pwokirè Jeneral Bill McCollum annapre, ak enstalasyon yo nan 6 lòt konte: Broward, Hillsborough, Collier, Pasco, Pinellas, ak Sarasota.
Ekip pou INVEST yo baze nan yon kominote ki kowòdone modèl repons. Pami manm ekip sa a, genyen avoka, ofisye, ak detektif k ap travay ansanm pou kreye yon sistèm konplè sekirite pou viktim yo avèk modèl entèvansyon kont delenkan yo ak planifikasyon sekirite pou sivivan yo. Lè yo pran desizyon ansanm sou fason pou jere yon sèten sitiyasyon, Lapolis travay ansanm pou fè delenkan yo pran responsablite yo, avèk rekòmandasyon fòmèl, kontwòl ak swivi, alòske avoka yo travay avèk sivivan yo pou divilge enfòmasyon, pou bay planifikasyon sekirite ak èd posib nan demenajman.

