Klike Kouri al nan byen vit kite sit sa a. Aprann plis
Pou èd touswit, tanpri rele Liy Dirèk pou Vyolans Domestik nan Florid la nan 1-800-500-1119
Misyon ak Istwa
Nan ane 1977, katòz (14) refij nan eta Florid te fòme yon rezo defans pou fanm yo bat, ki te rele Rezo Enfòmasyon sou Refijye. Plizyè ane apre, menm òganizasyon sa a te prezante kòm Florida Coalition Against Domestic Violence (FCADV). Yo te kreye FCADV sou prensip kolaborasyon ak inite pami refij yo. Jodi a, FCADV ap travay kòm asosyasyon pwofesyonèl pou 42 sant kont vyolans domestik eta Florid. Misyon Florida Coalition Against Domestic Violence se pou travay pou mete yon pwen final nan vyolans lè li sansibilize piblik la, fè devlopman politik, ak sipòte sant kont vyolans domestik Florid yo.
FCADV opere liy dirèk gratis pou rapòte vyolans domestik nan eta Florid (1-800-500-1119), pou konekte moun ki rele yo ak sant kont vyolans domestik ki pi pre yo, epitou li ofri asistans tradiksyon, lè sa nesesè. Answit, FCADV konsève yon bibliyotèk resous liv, peryodik, ak videyo konsènan pwoblèm vyolans nan kay. FCADV devlope tou afich, tiliv, plan sekirite ak lòt resous. Anpil nan resous sa yo disponib nan plizyè lang, epitou ou ka fè kòmann yo nan FCADV.
Depatman Fòmasyon ak Asistans Teknik FCADV ofri fòmasyon souplas ak asistans teknik pou anplwaye sant kont vyolans domestik ak pou lòt pwofesyonèl k ap travay avèk moun ki viktim vyolans domestik ak pitit yo. Si oumenm oswa òganizasyon ou ta bezwen fòmasyon oswa asistans teknik sou vyolans domestik, tanpri rele 1-850-425-2749 oswa FAKSE nan 1-850-425-3091 pou fè demann sa yo. FCADV prepare pou ofri ou asistans lan dirèkteman oswa pou konekte ou avèk pwofesyonèl nan zafè vyolans domestik ki gen eksperyans epi k ap anmezi pou satisfè egzijans ou yo.
FCADV administre finansman leta ak federal ki deziyen pou 42 sant kont vyolans domestik sètifye eta Florid yo. Poutèt sa, nou posede yon depatman asirans kalite ki responsab pou asire estanda administrasyon ak pwogram reyalize. FCADV asosye avèk sant sètifye yo pou asire moun ki viktim vyolans domestik yo ak pitit yo resevwa pi bon sèvis yo.
FCADV ap sèvis kòm premye vwa pou moun ki viktim vyolans domestik yo ak pitit yo sou sèn politik piblik la. Nou travay anpil avèk branch egzekitif ak branch lejislatif la pou kreye ak egzekite politik piblik k ap egzekite sanksyon pou moun ki bat fanm yo epitou k ap amelyore sèvis yo pou sivivan yo nan vyolans domestik. Avèk efò sa a, eta Florid ap kontinye gen kèk pami politik piblik ki fò kont vyolans domestik nan peyi a.

