Klike Kouri al nan byen vit kite sit sa a. Aprann plis
Pou èd touswit, tanpri rele Liy Dirèk pou Vyolans Domestik nan Florid la nan 1-800-500-1119
Ki Sa DV Ye?
Ki sa Vyolans Domestik Ye?
Se yon aksyon ki repete kote yon moun gen yon konpòtman pou kontwole lòt moun – swa li fè vyolans oswa li menase vyolans – kote yon moun sèvi avèk sa pou etabli pouvwa sou yon patnè entim pou li kapab kontwole aksyon ak aktivite patnè li. Vyolans domestik se pa yon dezakò, yon krache marital, oubyen yon pwoblèm jesyon kolè. Vyolans domestik se konpòtman ki abizif, derespektan, ak nosif ke yon patnè entim chwazi sèvi ak kont lòt patnè‑a.
Ou gen dwa ap gen vyolans domestik, si patnè ou ap fè nenpòt nan sa yo oswa lòt konpòtman ki endezirab:
- Si li fè ou mal fizikman ‑ frapan, rale cheve, etoufe, frape, kou, arachman, twò peze oswa souke, tourne bra ou, boule ou, oswa fè esprè pou blese ou nan nenpòt fason
- Si li sèvi avèk pitit ou yo kont ou
- Si li pase ou nan betiz epi li blese ou emosyonèlman
- Si li fè abi sou bèt nan kay la
- Si li aji ak jalouzi ekstrèm ak posesivite
- Si li izole ou de fanmi ak zanmi
- Si li menase pou touye tèt li oswa pou touye ou
- Si li kontwole lajan ou an
- Si li refize pou kite ou gen swen medikal
- Si li kouri dèyè ou nan kachèt
- Si li demande sèks oswa li mande aksyon sèks ou pa vle yo
- Si li kachte aparèy pou ede ou, par egzanp beki
- Si li di konsa ke konpòtman destriktif la pa tèlman anyen
- Si li menase pou "devwale" ou si ou se madivine, masisi, bisèksyèl, transsèksyèl oswa transjendè
- Si li gade ou nan “tèl fason” avèk jè li yo oswa tèl konpòtman
Si ou vin yon viktim nan abi, ou pa gen tò. Li pa fòt ou.
Tout kalite konpòtman ki dekri anlè‑a se abi yo ye, epi gen kèk ki kapab yon zak malonèt anba Lalwa Florida (se pou ou ouè definisyon an.)
Eske Li Kont Lalwa?
Jan lalwa dekri li
741.28 Vyolans domestik; definisyon. – Konm li ekri nan ss. 741.28‑741.31: “Depatman” vle di Leta Florida, Biwo Ranfòsman Lalwa (Florida Department of Law Enforcement).
"Vyolans domestik" vle di nenpòt atak, atak agrave, batri, batri agrave, atak seksyèl, batri seksyèl, asèlman, asèlman agrave, kidnape, prizon fo, oswa nenpòt ofans kriminèl ki lakòz domaj fizik oubyen lanmò nan yon manm nan lafanmi oswa manm nan kay yon lòt manm nan lafanmi oswa manm nan kay la.
"Manm nan lafanmi oswa manm nan kay la" vle di mari oswa madanm, mari oswa madanm ansyen, moun ki gen relasyon nan san oubyen maryaj, moun ki aktyèlman abite ansanm kònm si yon fanmi oswa ki gen tan abite ansanm nan tan pase‑a konm si yon fanmi, ak moun ki paran yon ti moun an komen, kèlkeswa si yo te marye.
Ak eksepsyon nan moun ki gen yon timoun nan komen, manm yo fanmi oubyen nan kay yo dwe kounye‑a ki abite oswa ki gen nan tan pase yo abite ansanm nan inite nan menm kay sèl.
"Chèf polis" vle di nenpòt moun ki eli, nonmen, oubyen anplwaye par nenpòt minisipalite oswa Eta‑a oswa nenpòt distrik politik ladan li ki satisfè kalifikasyon minimòm ki etabli nan s. 943.13 epi ki sètifye kònm yon ofisye polis anba s. 943.1395.
Ki moun ki vyolans domestik konn rive?
- Ant yon ka e yon demi nan tout fanm nan tout lemonn antyè te soufri vyolans nan men yon patnè domestik. UNICEF, Pwogrè Nasyon Yo (The Progress of Nations), 1997
- Nan 1999, moun ki te gen douzan oswa plis te gen 791,210 zak vyolan nan men yon patnè entim. Danm yo te viktim nan 85% nan zak yo. Sondaj Nasyonal Viktimizasyon Kriminèl (National Crime Victimization Survey), 1999
- Ant 1993 ak 1999, patnè entim yo te touye 45% nan tout viktim feminin asasinasyon laj 20‑24. Biwo Statistik Jistis (Bureau of Justice Statistics), 2001
- Fi ke gen laj 35‑49 an plis vilnerab pou vin touye nan men yon patnè entim. Biwo Statistik Jistis (Bureau of Justice Statistics), 2001
- Yon etid sou ti fi lekòl piblik yo te jwenn ke 1 nan 5 tifi sondaj rapòte abi fizik oswa seksyèl nan men yon moun ki tap sòti avèk li.
- Nan Florida, te gen 120,697 zak malonèt nan vyolans domestik ki te vin rapòte nan ranfòsman lalwa nan 2003. Wèbsayt Depatman Ranfòsman Lalwa Florida (Florida Department of Law Enforcement website)
- Nan ane finansyèl 2003‑2004, sant vyolans domestik yo nan Florida te reponn sou 132,629 apèl dijans, yo te founi sèvis konsèy bay 197,787 moun, epi yo te bay sekou dijans bay 14,467 moun, la plipa te danm ak ti moun. Statistik Depatman Ti Moun ak Lafanmi, ak Kowalisyon Florida Kont Vyolans Domestik (Florida Department of Children and Families and Florida Coalition Against Domestic Violence), Jiye 2004

