Klike Kouri al nan byen vit kite sit sa a. Aprann plis
Pou èd touswit, tanpri rele Liy Dirèk pou Vyolans Domestik nan Florid la nan 1-800-500-1119
Inisyativ Riral
Misyon Inisyativ Riral FCADV se pou ofri sekirite pou viktim vyolans domestik ak vyolans seksyèl ki pi izole ak menase nan zòn riral yo ki nan eta Florid. Inisyativ la baze sou modèl òganizasyon kominote kote kominote a ak òganizasyon lajistis enpòtan pou siksè alontèm sèvis dirèk yo ofri pou viktim ki nan zòn riral yo.
Youn nan rezilta dirab inisyativ sa a se te Enstiti Fòmasyon Riral anyèl, "Behind Closed Doors--Pou Sispann Silans nan Kominote Riral yo.
Lontan, konferans lan te atire plis pase 350 patisipan tankou ofisye lapolis, defansè, avoka, direktè egzekitif refij, gwoup anplwaye depatman sante ak timoun ak fanmi, volontè ak aktivis kominote.
Yon lòt eleman enpòtan Inisyativ Riral se Kokis Riral FCADV, yon kowalisyon aktivis ki toupatou nan eta a ki gen yon enterè nan defann sivivan riral vyolans domestik. Misyon Kokis la se pou ede metrize baryè ki inik pou siviv riral vyolans domestik yo avèk edikasyon ak defans.
Kokis Riral la pote defans epitou kominote yo asosye ansanm an rezo, yo pataje lide epitou yo diskite sou apwòch inovatè ak dokiman apwopriye. Li lib pou tout moun ki pasyone pou ede sivivan riral vyolans domestik, vyolans nan zafè renmen, vyolans seksyèl ak atak. Alòske anpil nan manm nou yo travay kòm defansè nan sant kont vyolans domestik yo, nou akeyi moun ki afilye avèk patnè kominote nou ki ofri sèvis tou pou fanm ak pitit yo ki pran kou.
Pou jwenn plis enfòmasyon, kontakte Kowòdonatè Pwogram Riral FCADV nan nimewo (850) 425-2749.

