Klike Kouri al nan byen vit kite sit sa a. Aprann plis
Pou èd touswit, tanpri rele Liy Dirèk pou Vyolans Domestik nan Florid la nan 1-800-500-1119
Inisyativ Gouvènè
Nan ane 2007, FCADV te resevwa finansman ki te deziyen pou kòmanse inisyativ prevansyon toupatou nan eta a pami karannde (42) pwogram manm FCADV nan Biwo Gouvènè Charlie Crist ak Florida Department of Children and Families. Inisyativ Prevansyon Primè FCADV yo ap travay pou pa kite moun vin viktim premye fwa ak zak vyolan patnè entim. Pou fè sa, l ap travay avèk kominote yo pou devlope aktivite ki ankouraje relasyon ki bon pou sante nan tout nivo sosyete a. Karannde (42) sant kont vyolans domestik eta Florid yo angaje kounye a nan egzekisyon pòsyon plan prevansyon primè yo ki gen ladan senk (5) pati sa yo:
Patenarya Kominote avèk patnè ki pa tradisyonèl
Aktivite prevansyon avèk jèn moun
Devlopman Kapasite Òganizasyonèl
Evalyasyon pwogram prevansyon
Dirabilite
FCADV pran angajman pou ofri fòmasyon konplè ak asistans teknik pou sipòte sant yo nan reyalizasyon objektif prevansyon yo.

