Klike Kouri al nan byen vit kite sit sa a. Aprann plis
Pou èd touswit, tanpri rele Liy Dirèk pou Vyolans Domestik nan Florid la nan 1-800-500-1119
Imigrasyon ak Vyolans Domestik
Kesyon Repetitif sou Imigrasyon ak Vyolans Domestik
Si ou gen kesyon oswa enkyetid konsènan sa ki nan paj sa a, tanpri rele Kowòdonatè Pwojè Espesyal nan nimewo (850) 425-2749.
Enfòmasyon Jeneral sou Imigrasyon
Si ou se yon Refijye oswa yon moun yo akòde Azil politik, oswa si ou se yon defansè pou yon moun ki se yon Refijye oswa yon moun yo akòde Azil politik, tanpri sonje refijye yo oswa moun yo akòde azil politik yo ka ajiste sitiyasyon yo poukont yo kit madanm/mari/moun ki sipòte yo sou plan finansye kolabore oswa pa kolabore avèk BCIS. Sa vle di moun ki sipòte yon refijye sou plan finansye oswa madanm/mari li ka pa anile sipò a pou imigrasyon refijye a epi refijye a oswa moun yo akòde azil politik la ka ajiste sitiyasyon li lè li vin kalifye si madanm/mari oswa moun ki sipòte li sou plan finansye ajiste oswa pa ajiste sitiyasyon li. Refijye yo kalifye tou pou avantaj piblik ak sèvis refijye.
Refijye yo jwenn admisyon chak ane nan yon limit nimerik ki fikse, anjeneral nan yon entèval 80,000 ak 90,000 moun. Se United Nation High Commission on Refugees (UNHCR) ki idantifye refijye yo sou plan entènasyonal epi Bureau of Citizenship and Immigration Services (BCIS) (ki te rele INS) travay sou dosye yo pou admisyon. Depi yo jwenn apwobasyon pou vwayaje, U.S. State Department fè kontra avèk ajans volontè pou fè aranjman pou vwayaj yo ak premye entegrasyon yo. Ajans volontè yo travay avèk filyal lokal yo pou entegre kliyan refijye yo. Patisipan Kiben ak Ayisyen yo, jan yo defini nan Refugee Education Assistance Act of 1980, kalifye tou pou resevwa sèvis refijye.
Ajans leta, ajans lokal ak ajans prive yo te devlope lyen pou ofri sèvis ki finanse avèk lajan federal pou refijye/patisipan yo ak kategori espesifik etranje legal yo. Gouvènè Graham, dapre yon Dekrè, te mete anplas Sekretè HRS (ki rele kounye a Department of Children of Families) kòm Kowòdonatè Refijye Eta Florid. Objektif prensipal Kowòdonatè Refijye Eta Florid se kowòdinasyon administratif ak fonksyonèl sèvis refijye ki finanse avèk lajan federal ak sèvis ki asosye avèk imigrasyon, politik imigrasyon federal, ak efò pou jwenn ak konsève finansman federal. Fonksyon Sèvis Refijye Florid se pou ofri asistans pou refijye tout nasyonalite ak patisipan Kiben ak Ayisyen.

