Klike Kouri al nan byen vit kite sit sa a. Aprann plis
Pou èd touswit, tanpri rele Liy Dirèk pou Vyolans Domestik nan Florid la nan 1-800-500-1119
Gaye Pawòl la
Kijan ou fè moun yo patisipe? Rezo sosyal se yon gwo zouti pou fè moun yo konnen reyinyon oswa evènman ou. Ou kapab afiche depliyan tou nan lekòl ou oswa nan kominote ou, fè pase yon mesaj nan anons jounalye yo, fè mete ou sou lis nan yon jounal kominote oswa nan yon jounal lekòl, voye yon imèl, oswa itilize nenpòt lòt resous pou fè lòt jèn yo konnen egzistans klib la. Gaye pawòl la ap pèmèt lòt jèn moun pasyone yo tande egzistans klib ou, epitou sa ap bay yo opòtinite pou yo antre nan klib la. Bòn chans!
Rezo Sosyal
Rezo sosyal se yon gwo zouti pou ede ou simaye pawòl la konsènan evènman ou. Gen anpil fason pou itilize rezo sosyal. Anba a se yon lis kèk sit wèb ak enfòmasyon ki ka ede ou itilize rezo sosyal pou simaye pawòl la!
Facebook:
- Fason pou voye yon mesaj- Enfòme zanmi ou yo. Pou fè sa, voye yon mesaj avèk enfòmasyon sou lide a, sou pwogram nan oswa sou evènman an.
- Fason pou fè yon evènman- Èske w ap planifye yon evènman? Ou kapab voye yon envitasyon avèk detay konsènan evènman ou ba zanmi ou epitou pou mande yon RSPV pou wè konbyen moun k ap vini nan evènman ou.
- Fason pou kreye yon paj fanatik oswa yon paj gwoup- Isit la moun yo kapab renmen paj ou oswa yo kapab montre sipò yo pou lide ou oswa pou pwogram ou. Moun yo kapab vin fanatik ak wè enfòmasyon yo.
Twitter:
Mete evènman ou sou Twitter! Twitter pèmèt ou voye yon mesaj ki gen 160 karaktè, kidonk bay mesaj la vit! Sipòtè ou yo kapab wè mesaj ou voye nan Twitter yo!
Blogs:
Konsidere yon opòtinite pou pataje panse ou sou diferan sijè. Blòg yo sanble ak jounal anliy, epitou ou kapab itilize yo pou sansibilize moun konsènan diferan evènman, deba, oswa panse.
Lis difizyon: Tcheke pou wè si lekòl ou gen yon lis difizyon ki se yon imèl ki voye yon imèl ba plizyè moun ki dakò pou fè pati nan lis difizyon an. Yo se yon gwo fason pou kominike avèk anpil moun.
Aprann fason pou itilize rezo sosyal isit lae

