Klike Kouri al nan byen vit kite sit sa a. Aprann plis
Pou èd touswit, tanpri rele Liy Dirèk pou Vyolans Domestik nan Florid la nan 1-800-500-1119
Fason pou Jwenn Sipò
Kounye a ou fin fè rechèch ou epi ou jwenn bon jan enfòmasyon konsènan sijè ou, moman an rive pou jwenn sipò! Fè zanmi ou, manm fanmi ou, pwofesè ou ak lòt moun konnen ou panse a y ap ba ou sipò sou lide ou. Pa dekouraje si ou gen pwoblèm pou jwenn sipò a, ou sèlman bezwen yon ti kantite moun kle pou ede ou sou wout ou!
Jwenn yon Adilt.
Jwenn yon pwofesè ki pwòch ou oswa yon moun ou kapab fè konfyans pou bay sipò pou lide ou. Pou kòmanse yon klib nan lekòl ou, mande yon pwofesè ou pou òganize reyinyon nan salklas li epi/oswa pou sipòte klib ou ak sèvi kòm yon konseye adilt. Mande toupatou jouk lè ou jwenn yon moun ki vle ede ou. Si w ap kòmanse yon klib nan kominote ou, mande manm kominote a pou sipòte ou. Pou fè sa, eksplike yo sa ou bezwen jwenn nan men yo. Pa egzanp, èske ou bezwen espas pou reyinyon, èske ou bezwen èd yo pou pale avèk lòt moun? Asire ou gen yon plan pou moun konnen kijan pou yo ede ou. Yon adilt kapab ede ou si li sèvi kòm yon defansè oswa kòm yon sipòtè pou klib ou. Li enpòtan pou jwenn yon moun ki enterese ede ou simaye sansibilizasyon an.
Jwenn Kamarad Klas.
Lòt elèv yo kapab ede sipòte lide ou yo tou. Chèche elèv ki santi yo fò konsènan sijè a epi ki vle fè yon diferans. Kamarad klas yo kapab ede motive ou ak fè ou vanse. Yo kapab ede tou avèk kèk travay, epitou yo kapab ajoute lide k ap mennen ou fè yon pi bon klib.
Kote, Dat ak Lè.
Pou klib la kapab vanse, ou bezwen gen yon kote ou kapab òganize reyinyon ou yo. Se ta ka salklas yon konseye klib nan lekòl la, bibliyotèk la, kafeterya a, sal jimnastik la, yon sant kominotè lokal, yon sant relijye kèlkeswa kote ou ta alèz pou eksprime lide ou ba lòt yo. Depi ou jwenn yon kote, pwochen etap ou nan òganize yon klib se fikse yon dat ak lè ki bon pou tout moun rankontre.

