Klike Kouri al nan byen vit kite sit sa a. Aprann plis
Pou èd touswit, tanpri rele Liy Dirèk pou Vyolans Domestik nan Florid la nan 1-800-500-1119
Fason pou Òganize yon Reyinyon Klib
Premye Reyinyon An
The first meeting is important because it lays the foundation for the club and is the first impression your members will have. It’s the perfect time to introduce each other, the topic, and set the direction of the club. Use this time to gather information about the club members and share ideas. Emphasize the impact you can have and be sure to make it fun for everyone!
To learn more, click on any of the headings below.
Nan premye reyinyon klib ou, ou ta dwe fè tout prezante tèt yo. Ajoute yon entwodiksyon pou fè li amizan oswa pou mande tout moun pou yo fè konnen yon bagay konsènan yomenm. Men yon lis kèk entwodiksyon pou kòmanse reyinyon gwoup avèk yo: http://wilderdom.com/games/Icebreakers.html
Pase yon fèy prezans pou ou kapab rasanble enfòmasyon moun ki enterese patisipe yo. Isit la se yon siy echantiyon an fèy. Men yon modèl fèy prezans Asire tout moun siyen fèy prezans lan
Apre tout moun fin prezante tèt yo, eksplike objektif klib la, sa ou planifye pou fè, epi pou kisa li enpòtan. Tout travay ou te fè jiska prezan ta dwe prepare ou pou pale konsènan sijè sa a ak abòde pwen prensipal yo.
Pou kapab reyalize objektif prensipal ou, ou bezwen kreye mini-objektif. Mini-objektif sa yo vle di objektif ou ka reyalize nan yon kantite tan modere, kontrèman ak objektif prensipal ou. Klib ou oswa manm gwoup ou kapab ede ou espesifye sa mini-objektif sa yo ye ak fason yo kapab ede ou reyalize yo. Li vrèman enpòtan pou asire ou ajoute lide ak pwendvi moun ki enterese yo ak fòme yon plan ansanm pou vanse avèk lide ou. Pou ede ou fòme plan ou, itilize fèy kesyon planifikasyon objektif la
Yon adilt ta dwe anmezi pou ede ou tou avèk pwosesis sa a, ak ede ou fòme objektif ki ka reyalize. Asire yon moun pran nòt ak konsève lide moun yo pou ou ka gen yon moun kòm referans annapre.
Planifye yon dat pou pwochen reyinyon ou ki annamoni avèk orè gwoup la. Fè yo konnen kijan ou planifye pou vanse pou pwochen reyinyon an (egzanp: kontinye devlope plan an, chwazi ofisye yo, elatriye) epi pa bliye fè yo sonje pwochen reyinyon an.
Apre premye reyinyon an, ou kapab reflechi sou fason reyinyon an te pase ak fason ou kapab amelyore reyinyon an pwochen fwa. Se yon chans tou pou reflechi sou fason ou kapab entwodui lòt lide ak fason w ap òganize pwochen reyinyon an.
Li toujou bon pou moun yo resevwa nòt apre yon reyinyon avèk yon rapèl dat ak lè pou pwochen reyinyon an. Yon rapèl pou moun ki te patisipe nan premye reyinyon an ap ede yo patisipe ak enterese konsènan pwojè a.
Dezyèm Reyinyon An
Dezyèm reyinyon an se yon bon opòtinite pou chwazi ofisye yo, k ap ede kenbe klib la òganize ak bay moun travay pou yo rete konsène. Ou kapab chwazi pou itilize definisyon pou wòl ofisye yo oswa prezante lòt fason pou distribiye responsablite ak travay pou gwoup la.
Prezidan- Prezidan klib la sipèvize klib la epi li se moun kle ki reprezante pwojè a, epitou li responsab pou ede lòt ofisye yo lè yo bezwen èd.
Vis-Prezidan- Bay èd nan responsablite prezidan an, epitou li ede kenbe bagay yo òganize. Vis-prezidan an pran plas prezidan an lè prezidan an pa disponib.
Sekretè- Ede prepare pou reyinyon yo sou plan òganizasyonèl, li fè moun yo sonje reyinyon yo, li a ekri plan pou reyinyon yo, li pran nòt nan reyinyon yo epitou li konsève dokiman yo òganize pou fiti referans.
Trezorye- Trezorye a kapab ede konnen kantite lajan ki pral depanse pou klib la, ak kantite lajan w ap bezwen pou fè aktivite ou yo. Anjeneral, yo ede ranmase lajan epitou yo responsab pou rasanble lajan oswa pou swiv sa ki fèt avèk don yo.
Lòt Ofisye yo- Deside si gwoup la panse li enpòtan pou gen lòt ofisye oswa si gen lòt travay ki nesesè pou delege.

