Klike Kouri al nan byen vit kite sit sa a. Aprann plis
Pou èd touswit, tanpri rele Liy Dirèk pou Vyolans Domestik nan Florid la nan 1-800-500-1119
Depatman Legal
Clearinghouse Project te kòmanse nan ane 1997 kòm yon pwogram pilòt, premye nan peyi a, pou ofri reprezantasyon legal pou moun ki viktim nan vyolans domestik nan odyans final yo pou Rekòmandasyon pou Pwoteksyon Kont Vyolans Domestik, epitou pou ofri konsèy ak konsiltasyon legal pou viktim yo. FCADV fè sou-kontra avèk founisè sèvis legal yo (Avoka Clearinghouse yo), ki aksepte rekòmandasyon kliyan nan Florida's refij/sant kont vyolans domestik sètifye Florid toupatou nan eta a. Pwojè a te se yon siksè san kondisyon, epi anpil lòt kowalisyon eta ofri sèvis legal pou moun ki viktim nan vyolans domestik selon modèl Clearinghouse la. FCADV ofri tou fòmasyon ak asistans teknik pou Avoka Clearinghouse li yo.
Liy Dirèk pou rapòte Vyolans Domestik
FCADV fè sou-kontra avèk Florida Legal Services yo pou opere Liy Dirèk pou Rapòte Vyolans Domestik. Viktim k ap viv nan eta Florid yo kapab resevwa konsèy legal gratis ak enfòmasyon sou rekòmandasyon depi yo rele 1-800-500-1119 ak peze seleksyon #3.
Avèk finansman Department of Justice, Office of Victims of Crime, FCADV nan tèt ansanm avèk Florida Legal Services, Inc. ak the Rural Women's Health Project, te devlope yon fotonovela pou manm kominote travayè agrikòl sezonye ki pale lang Panyòl yo pou bay yo enfòmasyon konsènan Sèvis Liy Dirèk Legal la.
Jwenn Èd Kounye a – Liy Dirèk Legal
1-800-500-1119, estansyon 3. Deyò Florid, moun k ap rele yo kapab konpoze 1-850-385-0611.
Legal Hotline fonksyone ant 8:00 a.m. ak 4:00 p.m. Lendi jiska Vandredi. Si ou rele apre lè biwo fèmen, ou kapab kite yon mesaj sou repondè liy dirèk la, epi y ap retounen ou apèl yo pandan lè biwo louvri.
Lè ou rele, yon moun ki pa avoka ap reponn telefòn nan, l ap chèche konnen si ou an sekirite, epi l ap mande ou kèk enfòmasyon debaz. Moun nan ap mande ou non ou ak yon nimewo pwoteje kote avoka liy dirèk la kapab rele ou apre.
Answit, yon avoka liy dirèk la ap kontakte ou epi l ap pran enfòmasyon yo nan telefòn, l ap eseye reponn kesyon legal ou yo, l ap endike nenpòt lòt pwoblèm legal, epitou l ap ba ou posiblite legal yo. Avoka liy dirèk yo resevwa fòmasyon nan dinamik vyolans domestik, defans legal ak aptitid nan liy dirèk. Avoka liy dirèk yo anmezi tou pou rekòmande ou nan resous legal ak nan resous pou vyolans domestik ki nan konte kote w ap viv la.
Avoka liy dirèk yo pa kapab reprezante kliyan yo nan tribinal, oswa yo pa kapab revize oswa soumèt dokiman pou moun yo.
Trafik Moun
Liv Enfòmasyon pou Sant DV Sètifye
Human Trafficking Service Provider Manual (335kb) pou Sant kont Vyolans Domestik Sètifye yo disponib an fòma Adobe PDF.
Liv Enfòmasyon pou Avoka
Liv enfòmasyon sa a deziyen pou avoka vyolans domestik ak pou avoka vyolans seksyèl. Li ofri enfòmasyon debaz sou trafik moun ak fason pou idantifye ak ede yon moun ki viktim trafik.
Liv enfòmasyon pou avoka yo disponib nan lang Angle, Kreyòl Ayisyen, ak Panyòl.

