Klike Kouri al nan byen vit kite sit sa a. Aprann plis
Pou èd touswit, tanpri rele Liy Dirèk pou Vyolans Domestik nan Florid la nan 1-800-500-1119
Department of Children and Families ak Kowalisyon Kont Vyolans nan Eta Florid Kreye Ekip Revizyon Ka Lanmò nan Vyolans Domestik
Department of Children and Families (DCF) te resevwa rekonpans Pwogram Sibvansyon pou Ankouraje Politik Arestasyon ak Aplikasyon Lòd Pwoteksyon. Se Department of Justice ki administre pwogram sa a. Li asosye avèk Florida Coalition Against Domestic Violence (FCADV) pou kreye yon ekip revizyon ka lanmò nan vyolans domestik toupatou nan eta a. Sibvansyon de ane a ap pèmèt ekip eta a rankontre kat (4) fwa pou:
- Idantifye mankman nan distribisyon sèvis la pou viktim vyolans domestik epitou pou idantifye degradasyon sistemik posib yo.
- Ankouraje fòmasyon ak fòmasyon youn pou lòt pou pwofesyonèl yo
- Kowòdone aktivite ajans ki patisipe yo epitou divilge ak fè echanj enfòmasyon.
Ekip la ap prepare yon rapò detaye nan fen peryòd sibvansyon an ki gen ladan rezilta ak rekòmandasyon ki asosye ak revizyon ka lanmò nan vyolans domestik. Avèk sibvansyon sa a, FCADV ap ofri tou de (2) enstiti fòmasyon sou pwoblèm revizyon ka lanmò espè nasyonal ak espè lokal yo òganize. Li kreye yon paj wèb ki deziyen pou revizyon ka lanmò, ak pou distribiye yon Bilten elektwonik. Premye enstiti fòmasyon an ap fèt nan sezon lotòn ane 2008 nan Sid Florid.
Premye reyinyon ekip la nan eta a te fè nan dat 29 me 2008 nan Tallahassee, Florid. Reprezantan DCF, FCADV, Depatman Koreksyon, Biwo Pwokirè Jeneral, Asosyasyon Cherif ak Chèf Lapolis, pwokirè leta, sant kont vyolans domestik, pwogram entèvansyon kont delenkan, Biwo Administrasyon Tribinal Leta, Depatman Lapolis Eta Florid, ak ekip lokal revizyon ka lanmò yo te diskite pandan twa èdtan sou difikilte ki asosye avèk revizyon ka lanmò nan vyolans domestik alafwa nan nivo leta ak nan nivo lokal. Manm yo te idantifye kat (4) lòt objektif alontèm pou ekip eta a pandan peryòd sibvansyon an:
- Devlope yon zouti pou rasanble done serye eta a nan men ekip lokal revizyon ka lanmò ki asosye avèk lanmò vyolans domestik ak prèske ka lanmò.
- Kreye yon ekip revizyon ka lanmò k ap ofri asistans teknik, prensip, ak konsèy pou ekip lokal revizyon ka lanmò, epitou pou ede ekip lokal yo jwenn finansman pou kontinye travay yo.
- Prepare yon rapò final ki idantifye tandans yo, epitou bay konsèy endividyèl pou chak aksyonè nan efò pou anpeche gen ka lanmò nan vyolans domestik.
- Devlope yon kanpay sansibilizasyon piblik nan nivo eta a sou vyolans domestik ki sible moun tout laj ak tout kilti
Konpozisyon Rapò Ka Lanmò Ekip Revizyon Ka Lanmò nan Vyolans Domestik nan Eta a
FacesofFatality pdf
Ekip Revizyon Ka Lanmò Lokal Florid
Genyen kounye a 15 ekip revizyon ka lanmò nan vyolans domestik ki aktif oswa ki pral vin aktif nan Eta Florid. Reprezantan nan ekip yo ki nan Miami-Dade, Palm Beach, Polk ak Highlands, Duval, ak Twazyèm Sikui Jidisyè (Konte Columbia, Madison, Taylor, Dixie, Lafayette, Hamilton ak Suwannee) te patisipe nan premye reyinyon eta a, epitou yo te fè rapò sou estrikti yo ak kalite ka y ap revize yo. Rapò ekip lokal yo te konsantre sou diferans nan fonksyònman divès ekip, ak sou diferans nan finansman yo. Pa egzanp, ekip Miami-Dade te jwenn finansman nan konte a, epitou li gen ekip atanplen ki deziyen pou revize ka lanmò nan vyolans domestik. Lòt ekip yo depannde volontè ki nan plizyè ajans pou fè revizyon an.
Men ekip ki aktif kounye a nan konte ki endike anba la yo: Brevard, Broward, Columbia (ansanm ak Taylor, Dixie, Lafayette, Hamilton ak Suwannee), Duval, Escambia, Lee, Miami-Dade, Orange, Palm Beach, Pasco, Pinellas, Polk (ansanm ak Highlands), Sarasota (ansanm ak Manatee ak DeSoto). Nouvo ekip yo pwograme pou kòmanse rankontre ane sa a nan konte Hillsborough ak Seminole.
Ekip lokal revizyon ka lanmò yo gouvène selon Chapit 741 Lwa Jeneral Eta Florid. Lwa jeneral yo defini yon ekip revizyon ka lanmò nan vyolans domestik, epi li bay konsèy sou kantite manm yo ak sou kalite ka ekip la revize.
741.316 Ekip revizyon ka lanmò nan vyolans domestik; definisyon; fason pou vin manm; responsablite; rapò Depatman Lapolis prepare.
- Jan sa itilize nan seksyon sa a, tèm “ekip revizyon ka lanmò nan vyolans domestik” vle di yon òganizasyon ki gen ladan, men pa sèlman, reprezantan ajans oswa òganizasyon:
- Ajans lapolis.
- Pwokirè leta.
- Egzaminatè medikal.
- Sant kont vyolans domestik sètifye.
- Founisè sèvis pwoteksyon timoun.
- Biwo administrasyon tribinal.
- Grefye tribinal.
- Pwogram sèvis pou viktim.
- Ekip revizyon lanmò timoun.
- Manm kominote biznis.
- Ajans pwobasyon konte oswa ajans koreksyon.
- Nenpòt lòt moun ki gen konesans konsènan ka lanmò nan vyolans domestik, ensidan vyolans domestik ki pa lakòz ka lanmò, oswa swisid, tankou rechèch, politik, lwa, ak lòt zafè ki konekte avèk ensidan ki lakòz ka lanmò yo.
- Lòt reprezantan jan ekip revizyon detèmine sa.
- Yo ka kreye yon ekip revizyon ka lanmò nan vyolans domestik nan yon nivo lokal, rejyonal oswa eta pou kapab revize ensidan vyolans domestik ki lakòz ka lanmò ak ensidan vyolans domestik ki prèske lakòz ka lanmò, ensidan ki asosye ak zafè vyolans domestik, ak swisid. Revizyon an ka gen ladan yon revizyon evènman ki mennen nan ensidan vyolans domestik la, resous kominote a ki disponib, lwa ak règleman ki genyen nan moman an, mezi sistèm yo ak moun yo pran ki asosye ak ensidan an ak moun ki konsène yo, ak nenpòt enfòmasyon oswa mezi ekip la kwè ki enpòtan, tankou yon revizyon dosye piblik ak dosye yo akòde egzanpsyon dosye piblik. Objektif ekip yo se pou aprann kijan anpeche gen vyolans domestik. Pou fè sa, yo fè entèvansyon bonè, epitou yo amelyore repons yon moun ak sistèm nan pou vyolans domestik. Estrikti ak aktivite yon ekip fèt pou detèmine nan nivo lokal. Ekip la ka detèmine kantite ak kalite ensidan li vle revize a, epitou li dwe fè rekòmandasyon sou règleman ak lòt rekòmandasyon nan fason pou yo evite ensidan vyolans domestik.
- Chak ekip lokal revizyon ka lanmò vyolans domestik dwe rasanble done konsènan ensidan vyolans domestik. Yo dwe rasanble done yo nan yon mannyè ki konfòm avèk leta ak sou yon fòm Depatman Lapolis detèmine. Chak ekip ka rasanble lòt done anplis ki endike nan fòm rasanblaj done eta pandan y ap bay èd nan revizyon ekip la. Depatman Lapolis dwe itilize done yo pou prepare yon rapò anyèl konsènan ka lanmò vyolans domestik. yo fèt pou soumèt rapò a anvan 1ye jiyè chak ane ba Gouvènè a, Prezidan Sena a, Pòtpawòl Chanm Reprezantan yo, ak Prezidan Tribinal Siprèm.
- Ekip Travay Gouvènè a sou Vyolans Domestik dwe bay enfòmasyon ak asistans teknik pou ekip lokal revizyon ka lanmò vyolans domestik yo.
-
- Ka pa gen responsablite finansye epi yon kòz aksyon pou domaj ka pa fèt kont nenpòt manm yon ekip revizyon ka lanmò vyolans domestik oswa nenpòt moun ki aji kòm yon temwen, rapòtè ensidan, oswa anketè pou yon ekip revizyon ka lanmò vyolans domestik pou nenpòt zak oswa nenpòt pwosedi ki angaje oswa ki fèt nan limit fonksyon ekip la, sof si moun ki aji avèk movèz-fwa a, avèk objektif mètdam, oswa nan yon mannyè ki montre mepri devègonde oswa volontè pou dwa moun, sekirite moun oswa pwopriyete moun.
- Sou-seksyon sa a pa afekte dispozisyon seksyon 768.28.
- Tout enfòmasyon ak dosye yon ekip revizyon ka lanmò vyolans domestik ka pa depannde dekouvèt oswa entwodiksyon nan nenpòt aksyon sivil oswa pwosedi disiplinè nenpòt depatman oswa ajans ki angaje a si enfòmasyon oswa dosye yo konsène zafè ki depannde evalyasyon ak revizyon ekip revizyon ka lanmò vyolans domestik. Men, enfòmasyon, dokiman ak dosye ki disponib nan lòt sous yo pa gen iminite nan dekouvèt oswa entwodiksyon nan prèv sèlman paske yo te prezante enfòmasyon, dokiman oswa dosye yo ba yon ekip konsa oswa ekip la te revize yo. Yon moun ki te patisipe nan yon reyinyon ekip revizyon ka lanmò vyolans domestik pa ka bay temwayaj nan okenn pwosedi sivil oswa disiplinè konsènan nenpòt dosye oswa enfòmasyon yo pwodui oswa prezante ba ekip la pandan reyinyon an oswa lòt aktivite seksyon sa a otorize. Sou-seksyon sa a pa anpeche okenn moun k ap bay temwayaj devan yon ekip oswa ki se yon manm yon ekip bay temwayaj konsènan zafè li konnen yo.
- Ekip revizyon ka lanmò vyolans domestik asiyen nan Department of Children and Family Services pou rezon administratif.
741.3165 Sèten enfòmasyon pa konsène nan divilgasyon an.
-
- Si yon enfòmasyon ki konfidansyèl oswa ki pa konsène nan seksyon 119.07(1) ak seksyon 24(a), Atik I Konstitisyon Eta a epi si se yon ekip revizyon ka lanmò vyolans domestik k ap fè aktivite yo jan sa dekri nan seksyon 741.316 ki jwenn enfòmasyon an, lè sa a enfòmasyon sa a dwe rete konfidansyèl oswa enfòmasyon an pa dwe konsène nan sitiyasyon yon lè se yon ekip revizyon ka lanmò vyolans domestik ki genyen li.
- Si yon enfòmasyon ki nan yon dosye kote se yon ekip revizyon ka lanmò nan vyolans domestik ki kreye li yon fason ki konfòm avèk seksyon 741.316 ki devwale idantite yon viktim vyolans domestik oswa idantite pitit viktim nan, enfòmasyon sa a dwe rete konfidansyèl epitou li pa dwe konsène nan seksyon 119.07(1) ak seksyon 24(a), Atik I Konstitisyon Eta a.
- Pòsyon reyinyon nenpòt ekip revizyon ka lanmò nan vyolans domestik konsènan ka lanmò nan vyolans domestik ak prevansyon yo, pandan lè yo diskite sou enfòmasyon konfidansyèl oswa enfòmasyon ki pa konsène yo, oswa sou idantite viktim nan, oswa sou idantite pitit viktim nan, pa konsène nan seksyon 286.011 ak seksyon 24(b), Atik I Konstitisyon Eta a.
- Seksyon sa a depannde Lwa 1995 pou Fè Revizyon Chak Peryòd sou Dosye Lib Gouvènman yon fason ki konfòm avèk seksyon 119.15, epitou li dwe abwoje li nan dat 2 oktòb2010, sof si Lejislati a revize ak pa kite li abwoje pou re-mete li anvigè.

