Klike Kouri al nan byen vit kite sit sa a. Aprann plis
Pou èd touswit, tanpri rele Liy Dirèk pou Vyolans Domestik nan Florid la nan 1-800-500-1119
Aktivite Klib la
Pou aprann plis enfòmasyon sou nenpòt ide aktivite, klike sou tit ki pi ba yo!
Apèsi
Lavant patisri se yon fason ki fasil pou ranmase lajan nan lekòl ou oswa nan kominote ou. Pou fè sa, ou dwe achte oswa fè manje ak desè pou vann. Senpleman pa bliye mande pèmisyon epitou asire pa gen pwoblèm pou pote manje ou pral vann nan.
Kijan?
Travay avèk administrasyon lekòl ou pou jwenn yon lè ak dat pou lavant patisri ou. Si sa se pati klib ou, nan yon reyinyon klib la, bay yon fèy angajman pou pote desè pou fè yon lavant patisri apre lekòl ak yon lòt fèy angajman pou elèv yo ede vann ak sèvi manje a. Si ou senpleman ap fè sa avèk zanmi ou yo pou ranmase lajan pou yon sant kont vyolans domestik oswa pou yon lòt rezon, asire ou kowòdone avèk zanmi ou yo davans. Fè reklam pou lavant patisri ou nan lekòl ou ak nan kominote ou.
p>Apèsi
Yon lekti powezi kapab yon gwo fason pou sansibilize moun sou pwoblèm ou chwazi a. Nan yon lekti powezi, ou kapab fè jèn moun li awotvwa powèm yo ekri poukont yo, powèm otè selèb ekri, oswa lòt powèm ou jwenn ki asosye avèk pwoblèm w ap chèche sansibilize moun sou li a.
Kijan? W ap bezwen jwenn yon kote dabò pou lekti powezi sa a. Selon gwosè kote a, ou kapab fè li nan lekòl, nan yon pak, nan yon sant kominotè, oswa yon lòt kote ki sanble konvnab. Answit, ou ta dwe fè reklam pou evènman an nan lekòl ou oswa nan kominote ou. Konsidere opòtinite pou elèv yo pran angajman pou li yon powèm. Ou kapab vini avèk yon lis powèm posib pou li pou bay lektè yo, oswa ou kapab fè elèv yo ekri powezi a poukont yo. Si ou chwazi fè sa, ou kapab gen yon komite jijman, pou chwazi yon gayan.
Resous yo
www.project-nia.org/event_poetry-circle.html
www.fortsamhoustonmwr.com/vsm/pages/189/bin/Poetry-stand.speak.listen.pdf
www.turiyaautry.com/iweb/site/poems.html
www.youngwomensactionteam.org/index.php?option=com_content&task=view&id49&Itemid=91
Apèsi
Konsè ki bay avantaj se yon lòt gwo fason pou sansibilize moun ak ranmase lajan, anmenmtan. Yon konsè ki bay avantaj avèk siksè gen ladan yon objektif sou vyolans pou adolesan ki nan renmen, men tou sou mizik.
Kijan? Pou òganize yon konsè ki bay avantaj, premye bagay ou ta dwe fè se jwenn yon kote pou òganize evènman an, epitou chèche gwoup mizik posib ki ka vle jwe. Depi ou gen posiblite yo, chwazi kote ou, ak yon jou ak lè ki bon pou piblik la. Pale avèk moun yo k ap travay nan espas travay ou pou wè si gen nenpòt asirans oswa règleman ki nesesè nan evènman an. Rezève pèfòmans mizik ou. Answit, deside si ou kapab ofri sa pou gratis oswa si ou bezwen fè piblik la peye, w ap gen pou deside sou pri tikè yo ki rezonab pou piblik la epi k ap sèvi pou depans yo si ou gen depans pou gwoup mizik la ak/oswa pou kote a. Ou ta dwe fè reklam pou evènman an nan lekòl ou oswa nan kominote ou.
Resous yo
Apèsi
Braslè, lè yo byen fèt, kapab yon bon fason pou kontinye simaye yon mesaj, epitou yo kapab ede ou ranmase lajan pou kòz w ap defann nan. Ou kapab fè yo avèk yon sèten koulè pou amonize yon tèm, mete mo sou yo, elatriye.
Kijan? Pou vann braslè yo, ou gen pou chèche konnen konbyen braslè ou vle ak konbyen lajan ou pral peye pou yo. Answit, ou dwe deside si ou vle fè kòmann braslè yo, oswa si pou fè yo poukont ou. Si ou deside fè yo alamen, asire ou jwenn zanmi oswa manm klib la ki pou ede ou. Pi souvan, w ap vle jwenn pèmisyon lekòl ou ak jwenn yon lè ak yon dat pou vann braslè yo. Asire ou fè reklam!
Apèsi
Dapre tradisyon, pwojè kòd pou tann rad gen ladan tichòt sou yon kòd pou tann rad. Moun dekore yo pou fè sonje fanmi te tonbe viktim nan Vyolans Domestik. Men, sa kapab adapte pou ale avèk yon pwojè sou vyolans pou adolesan ki nan renmen.
Kijan? Nan yon pwojè kòd pou tann rad, ou ta ka ofri tichòt, penti oswa dekorasyon atik ak yon kòd pou tann yo. Anjeneral, sa fèt yon kote lòt moun ap pase pou wè yo.
Resous yo
Sit wèb Kòd po Tann Rad- http://www.clotheslineproject.org/index.htm
Apèsi
Asanble yo se yon gwo fason pou jwenn anpil elèv alafwa, epi anjeneral yo gen pou wè ak yon oratè envite ki vini ak edike etidyan yo nan lekòl la.
Kijan? Chèche oratè posib yo, pètèt nan Ajans kont Vyolans Domestik zòn ou. Anjeneral, ou ta dwe voye imèl ba yo, pou montre enterè ou ak jwenn pri ak dat posib. Answit, ou kapab pale avèk administrasyon lekòl ou. Si ou bezwen èd pou travay avèk administrasyon an, yon konseye pwofesè oswa yon sipòtè kapab toujou ede ou. Depi ou jwenn apwobasyon administrasyon an, konfime yon lè avèk oratè ou, epi òganize asanble a. Si asanble a ap fèt pandan orè lekòl la, asire moun yo ap anmezi pou vini. Ou ka bezwen asistans yon adilt pou ede asire pwofesè yo okouran epi pou pwofesè yo kite elèv yo vini.
Resous yo Anjeneral ou kapab jwenn yon oratè depi ou kontakte Ajans kont Vyolans Domestik zòn ou. Men yon lis
Apèsi
Genyen anpil fason ou kapab òganize yon jounen sansibilizasyon; men, objektif debaz la se deziyen yon jounen pou fè sansibilizasyon sou vyolans pou adolesan ki nan renmen yo. Nan yon jounen sansibilizasyon, ou kapab mande elèv yo pou yo abiye avèk yon sèten koulè, ou kapab bay riban, ou kapab dekoupe men, ou kapab vann bonbon ki gen yon mesaj, oswa ou kapab fè nenpòt bagay. Posiblite yo pa gen limit.
Kijan? Paske gen tèlman anpil fason ou kapab òganize yon jounen sansibilizasyon, pa gen fòmil pou kreye yon jounen efikas. Itilize kreyativite ou pou jwenn fason pou edike kamarad klas ou yo sou danje ki genyen nan relasyon abizif.
Apèsi
Lè ou patisipe nan lejislati a sa reprezante yon gwo fason pou chanje kèk pwoblèm enstitisyonèl ou remake ki genyen nan lekòl ou, nan kominote ou, oswa nan vil ou chak jou.
Kijan? Nan klib ou, yon gwo fason pou sipòte chanjman politik yo se fè tout moun voye yon lèt ba senatè/reprezantan ou. Tank ou fè plis moun voye lèt la, tank mesaj ou ap vin pi gwo. Ou kapab ekri lèt yo davans tou, epi bay moun yo kopi yo pou yo siyen.
Apèsi
Boza se yon gwo fason pou jèn yo eksprime tèt yo, epitou se yon pwosesis ki efikas pou chanjman. Yon ekspozisyon atistik kapab edike lòt elèv yo sou pwoblèm nan, epitou li kapab ede atis yo pi byen konprann kisa vyolans adolesan ki nan renmen ye toutbon.
Kijan? Lè w ap òganize yon ekspozisyon atistik, ou ta dwe panse sou kote posib yo; sa ta ka gen ladan bibliyotèk yon lekòl, yon koulwa, yon sant kominotè, oswa yon kote ou kapab ekspoze boza ak eksprime mesaj ou avèk efikasite. Travay avèk administrasyon lekòl ou, si se nan lekòl la, oswa avèk nenpòt moun ki responsab espas la. Si w ap òganize evènman sa a avèk klib ou, konseye klib ou kapab toujou ede ou avèk administrasyon an. Depi ou jwenn espas ou, pale avèk lekòl pwofesè boza lekòl ou, epi wè si li ta vle fè elèv yo fè travay boza pou ekspozisyon atistik la. Fè reklam nan lekòl/kominote a, epi louvri soumisyon yo. Fè yon pwogram nan boza, epi sou w ap bay prim pou boza, jwenn jij ki kredib. Fikse yon lè espesifik pou fè ekspozisyon atistik la ak pou bay prim yo, epitou bay rafrechisman pou vizitè yo, menmsi ou kapab kite boza a apre ekspozisyon an.
Resous yo
http://www.dosomething.org/actnow/actionguide/organize-art-show
Apèsi
Festival film kapab montre danje aktif vyolans adolesan ki nan renmen nan yon fason kreyatif, epitou li kapab fè piblik la panse sou pwoblèm ki genyen yo. Yon festival film kapab ekspoze travay elèv yo ak adolesan yo, ki asosye ak vyolans adolesan ki nan renmen.
Kijan? Ou kapab òganize yon festival film depi ou prezante dabò yon plan sou sa ou vle fè a. Konsidere yon kote, konbyen tan ou vle pou film yo pase, kimoun ki kalifye pou antre, ak lè ou ta renmen pou evènman an fèt. Depi ou gen yon trè bon lide sou sa ki pral fèt la, kontakte yon administratè lekòl la si festival la ap fèt nan lekòl ou, oswa manadjè kote ou chwazi a. Lè sa ap fèt, louvri soumisyon yo pou antre yo si ou gen elèv ki vle fè film. Ou kapab ofri yon pri pou gayan konpetisyon film nan kòm prim pou antre yo. Anvan evènman a, anvizaje metòd pou ranmase lajan. Èske ou vle vann manje? Pran don? Fè peye pou admisyon? Epitou, pa bliye fè reklam pou evènman ou nan lekòl ou. Ou gen yon opòtinite pou jwenn mou, epitou ou vle asire chak moun ki enterese konnen evènman an.
Apèsi
Ekspozisyon yon film kapab yon fason ki gen siksè pou simaye sansibilizasyon ak pou ranmase lajan, pandan w ap amize piblik la.
Kijan? Lè w ap planifye yon ekspozisyon film, li enpòtan pou jwenn yon plan sou sa ou vle fè a. Reflechi sou kote ak film ki posib yo. Pami kote ki posib yo kapab genyen oditoryòm yon lekòl oswa yon sal sinema lokal. Pale avèk administrasyon lekòl ou konsènan posiblite yo si ou vle òganize evènman an nan lekòl ou, oswa kontakte pwopriyetè yon sal sinema lokal. Asire ou gen yon dat nan tèt ou pou evènman an anvan ou kòmanse planifikasyon an. Depi ou gen tout bagay pare, chwazi yon film epi asire kote an anmezi pou pase film nan. Gade yon lis film ki posib. Epitou, reflechi sou kolasyon pou bay. Èske ou vle vann manje epi itilize lajan an pou fè don? Oswa èske ou vle ofri manje ak sijere don pou moun yo bay pou manje a? Èske ou pral vann tikè yo? Lè jou evènman prèske rive, ou ta dwe kòmanse afiche depliyan ak fè reklam pou evènman ou
Film Posib ou ka itilize
What a Girl Wants
Killing Us Softly 3
Hip-Hop: Beyond Beats & Rhymes
I am a Man: Black Masculinity in America
Girls Moving Beyond Myth
Ale nan sit wèb www.mediaed.org pou jwenn plis detay sou videyo yo.
Silence Speaks
Ale nan sit wèb www.silencespeaks.org ak www.storycenter.org
Apèsi
Itilizasyon riban pou simaye mesaj ou se yon fason ki efikas pou montre kijan elèv yo ini pou yon kòz.
Kijan? Bay oswa vann riban yo ba elèv yo oswa ba manm kominote ou, epitou deziyen yon jounen oswa yon semèn espesyal pou mete yo. Ansanm avèk riban yo, ou kapab ofri aktivite ak dokiman edikasyonèl pandan moun ap mete yo, pou edike kamarad adolesan ou yo annapre
Apèsi Gwoup kamarad klas yo efikas souvan nan edike adolesan yo sou danje ki genyen nan relasyon abizif nan yon anviwònman kote tout moun alèz. Anjeneral, gwoup kamarad klas yo gen ladan yon ti gwoup elèv ki gen yon fasilitatè adolesan ak/oswa yon fasilitatè adilt, k ap aprann ak diskite sou relasyon ki bon pou sante ak relasyon abizif.
Kijan? Si ou nan yon klib, fè manm yo patisipe epi fikse yon dat. Si ou pa nan yon klib, w ap bezwen apwobasyon lekòl ou pou gen yon gwoup kamarad klas. Mande yon adilt ou fè konfyans pou sipòte ou ak pou ede ou jwenn yon kote ak yon lè pou òganize yon gwoup kamarad klas. Answit, ou ka vle reflechi sou kimoun piblik ou ap ye pou sa. Anjeneral, se yon pi piti gwoup 15 moun oswa mwens. Ou kapab afiche depliyan nan lekòl ou pou atire atansyon elèv yo epitou ou kapab envite lòt moun pou yo antre nan gwoup la.

