Haga clic en ESCAPE para salir rápidamente de este sitio. Obtenga más información Para obtener ayuda inmediata, por favor llame a la Florida la Violencia Doméstica al 1-800-500-1119
Istwa Chapè Yo
Tout chapè yo nan vyolans domestik gen yon istwa pou yo rakonte; gen kèk ki gen dwa pataje istwa yo, men poutan gen kèk ki pa vle.
Gen kèk chapè ki ta vle pataje eksperyans yo atravè mizik oswa pwezi; lòt moun ta vle pataje ap rakonte istwa.
Tout moun byenvini.
Istwa sa‑a reprezante plizyè chapè ki te vin sèvi nan sant vyolans domestik sètifye nan Florida epi li pa dekri tèl moun tout bon vre.
Si ou ta vle pataje istwa ou, yon pwezi, oswa panse ou yo pou piblikasyon sou websayt nou‑a, tanpri e‑mel: survivorstories@fcadv.org.
Istwa Ashley
Mwen te rankontre avèk Benny lè‑m te gen 15 an epi li te gen 16 an. Li te byen bèl epi anpil fi te vle vin amorèz li. Li pat gen anpil zanmi gason epi li pat enterese nan espò. An premye, li te vrèman bèl jwenn mwen, toujou li envite‑m lakay li aprè lekòl. Tout bon vre li te renmen machin yo epi li te gen yon plas li te fè nan garaj papa li kote li te konn travay toujou sou yon ansyen machin ki te kraze nèt ke tonton li te bay li. Chak aprè‑midi aprè lekòl, mwen tap gen traka avèk manman mwen paske Benny te efòse mwen pou‑m rete avèk li pandan li tap travay sou machin nan. Lè mwen te di li konsa mwen te oblije pou ale, li te di mwen se deske mwen vle kouri ale lakay paske mwen pat renmen li epi te gen anpil fi ki tap renmen pou rete avèk li.
Aprè plizyè mwa, li pat vle pou mwen gen okenn kontak avèk zanmi mwen yo. Li te posesif epi li te fè jalouzi epi nenpòt moun ki te zanmi mwen li tap pase li nan betiz. Li te fè mwen santi mwen koupab si mwen te menm pale ak yon moun nan lekòl, menm si li pat la, epi sa menm pat tèlman souvan. Li te di mwen ke li pat renmen jan mwen te abiye, epi li te toujou di mwen ki rad pou mete pou ale lekòl. Li te toujou monte desann depi lontan, men aprè kèk tan li te vrèman fè mwen santi mwen malalèz. Li te toujou efòse mwen pou fè sèks avèk li nan garaj papa li. Mwen te di li ke mwen renmen li, men poutan mwen te di li konsa gen lè li pat renmen mwen. Mwen te gen pè pou mwen vin ansent epi mwen te di li konsa mwen vle rete tann. Li te bat mwen epi li te di konsa pinga mwen janm pale avèk li konsa ankò. Li te di mwen ke se li‑menm ki tap deside si mwen tap vin ansent oubyen non. Mwen te di li ke mwen pat dakò avèk sa li tap di‑a epi li te bat mwen ankò, pi fò, epi li te vire bra mwen byen fò dèyè do mwen. Mwen te gen pè pou di Manman mwen oubyen lòt moun tout sa ki tap rive, men mwen te sispann ale lakay li aprè lekòl.
Aprè prèske chak klas, li tap kanpe deyò pòt la epi li te kenbe bra mwen byen fò epi li te chuichui nan zorèy mwen ke si mwen pat koute li yon move bagay tap rive mwen. Mwen pat konnen ki sa pou fè epi mwen te eseye pou evite li, men te gen lè ke li toujou tap tann pelenn pou mwen oswa li tap souveye mwen. Li te voye teks mesaj ban mwen jou kou nwit. Pafwa li te mande mwen ajenou pou‑m pa gate avèk li. Pafwa li te menase mwen oubyen teks mwen, “Mwen konnen ki sa ouap fè kounye‑a.”
Yon jou yon profesè te ouè ap sezi mwen epi mwen sipoze ke mwen te montre mwen gen tèt chaje. Li te rete tann pou gason an ale epi li te souke men li pou mwen antre nan chanm klas li‑a. Nou te mache dèyè kote li te gen yon ti biwo epi li te fème pòt la. Mwen pat tèlman byen konnèt li, men te konmanse ap kriye. Mwen pat kapab chèche dlo nan je mwen. Mwen te di li konsa mwen pat gen anyen, men li te rete tann pou mwen sispann kriye epi li pat poze mwen okenn keksyon. Mwen te di li konsa il fò ke mwen ale epi mwen te kanpe pou‑m ale. Se nan lè sa‑a li te di mwen kèk mo ke mwen pap janm bliye: “Ou pa merite pou li trete ou konsa.” Mwen te konnen li te gen rezon, men mwen pat kapab konprann ni jiskaske li te di mo sa‑a yo avèk bouch li.
Mwen te rete tann de senmenn avanke mwen kapab pran kouraj pou‑m pale avèk li ankò, nan fwa sa‑a aprè lekòl lè pat gen lòt moun la. Li te di mwen ke mwen pat oblije pou‑m rete avèk Benny si mwen pat vle epi mwen te di ke mwen te konnen sa,
men mwen pat konnen ki jan pou mwen chape. Li te di li tap blese mwen tout bon vre. Madanm nan te eksplike mwen kèk bagay sou afè vyolans nan yon dat. Li te eksplike mwen kèk bagay ke Manman mwen ak mwen‑menm dwe konsidere. Mwen te konnen mwen te oblije pou di Manman mwen. Lè‑m te fè sa, li te ede mwen pou konprann ki sa tap pase. Mwen te jete selilè fonn mwen an epi mwen pat gen yon lòt jiskaske mwen te chanje lekòl yo. Mwen te oblije pou‑m chape de Benny, epi mwen kontan deske mwen te gen tan fè sa. Mwen gen 17 an kounye‑a epi map gradye de lekòl sekondè ane sa‑a. Mwen konnen ki jan lavi mwen tap diferan si mwen te rete avèk Benny.
Istwa sa‑a reprezante chapè yo ki vin sèvi nan sant vyolans domestik nan Florida nan tan pase‑a epi yo pa dekri detay pou yon moun espesifik.
Istwa Lynn
De pitit gason mwen yo, manman mwen ak mwen‑menm te jwenn yon bèl kay mwa pase pou nou rete epi nou te pran ni. Te gen anpil fwa mwen pat kwè si li tap posib. Mwen te bwè pwa pou mwen gen espwa pou lavi mwen kapab chanje. Moun ki tap fè abi‑a, papa pitit gason pi jenn nan, te kontwole tout sa mwen tap fè‑a epi tout sa pitit mwen yo te fè. Li te konn vini lakay Vandredi swa aprè li tap bwè ak zanmi li yo epi li te konn konmanse ap boulvèse mwen, premyeman ap rele byen fò, aprè sa li tap bat mwen jiskaske mwen te kriye. Chak fen de senmenn nan mwen te soufri de jou laterè ak pantan. Mwen te konnen te gen yon abri abi domestik men mwen pat vle retire ti moun yo de kay la. Mwen pat vle pou yo abite nan yon abri. Panse sa‑a te fè‑m pantan. Chak fen de senmenn nan, mwen te di tèt mwen konsa ke sa‑a se dènye senmenn mwen tap degaje ak sa. Mwen pat kapab sipòte li ankò. Aprè sa, mwen te reflechi ke si mwen te ale tout bon vre, mwen pat gen anpil lajan. San dout mwen tap oblije pou‑m donmi nan machin mwen an. Si mwen te fè sa, leta‑a tap retire pitit mwen yo nan bra mwen. Mwen te panse mwen te oblije pou‑m rete paske mwen pat gen chwa. Mwen te panse mwen pat kapab fè anyen pou vyolans la sispann.
Yon Lendi nan maten an, lekòl la te rele. Asistan Prensipal la te vle pou‑m desann pou rankontre avèk li‑menm ak konseyè‑a jou sa‑a. Mwen te nan travay mwen epi mwen te eksplike ke mwen pat kapab sòti nan travay mwen pou desann nan lè sa‑a. Mwen te eksplike patron mwen an ke mwen te gen yon ka dijans lafanmi, men li te di mwen ke mwen te gen twop ka dijans alèkilè – swa mwen te manke travay mwen oswa mwen te ann reta. Li te di mwen si mwen te ale, pa fò mwen retounen. Mwen pat vle pèdi travay mwen, men mwen te oblije pou kontwole pitit gason mwen an.
Lè‑m te rive nan lekòl la, konseyè‑a te poze mwen keksyon sou konpòtman pitit gason mwen an, epi li te di konsa ke li te konn retire tèt li de tout konpè li yo epi gen lè li sanble li trist tout tan.
Lè pitit gason ak mwen‑menm te rive lakay depi lekòl nan aprè‑midi, mwen te oblije pou di mari‑m ke mwen te vin revoke nan travay epi li te pèdi tèt li epi li fè gwo kolè. Li te eseye pou frape mwen epi lè‑m te tonbe, mwen te kapab ouè li ap lonje men ni sou etajè ki anwo‑a nan kabinèt liv kote li te kenbe revolvè li‑a. Pitit gason an te ouè li tou epi li te monte sou do Papa li. Mwen pa tèlman chanje rèst la kareman, sèlman bri fizi‑a lè li te dechaje. Te gen anpil moun ap rele byen fò epi moun tap bat moun epi kounye‑a mwen te tande pitit gason mwen ap di “kouri ale non,” epi li te rale mwen anwo depi atè‑a pou mwen kanpe. Nou te sòti nan pòt dèyè‑a epi nou pat gade dèyè do nou.
Jou yo aprè sa te yon bwouye nan entèvyou lapolis, ekzamen nan men yon doktè ak mis yo ak vizit nan lopital avèk lafanmi ki konsène. Mwen pa kapab eksplike tout bagay ki te rive. Tout sa mwen konnen se ke deske jou sa‑a, mwen pat janm retounen nan kay sa ankò. Mis la te ede mwen pou kontakte sant abi domestik la epi pitit gason mwen yo te ale la depi yo te lage mwen de lopital la. Pwiske blesi fizi‑a pat touye mwen, mwen te promèt tèt mwen ke mari mwen pa tap janm gen yon lòt chans pou fè sa. Nou te rete nan abri‑a plis pase yon mwa pandan blesi mwen ak emosyon mwen yo te vin geri. Mwen te konnen mwen tap oblije pou fè kèk desizyon konsènan ki sa nou tap fè nan lavi depi jou sa‑a.
Defansè mwen an te di mwen yon bagay konsènan kay transisyonèl, kote mwen kapab rete pou 18 mwa oubyen mwens. Lè‑m te konmanse nan travay ankò, mwen tap repeye yon ti valè nan fèm nan epi avèk bon chans mwen kapab konsève kèk ti lajan. Kay transisyonèl la te nan yon ti konpleks apatman ki te sanble avèk lòt konpleks yo ki te touprè li la. Nou te fè tout aranjman epi aprè yon senmenn konsa nou te deplase nan apatman transisyonèl la. Mwen te toujou konn asiste nan gwoup sipò yo chak senmenn epi nou te rankontre avèk kèk danm ki pat abite nan abri‑a. Nou tout te asiste nan gwoup la pou nou pale sou aktivite nou yo nan lavi nou. Gen kèk danm ki te kite abizè yo epi te gen lòt yo ki tap viv avèk yo toujou. Mwen tap tann avèk kè kontan chak senmenn pou mwen rive nan gwoup yo epi mwen te santi ke preske tout moun te zanmi mwen.
18 mwa yo te pase byen vit, men mwen te fè anpil pwogrè epi mwen te menm konsève kèk lajan. Sant la te anseye yon klas bidjè ke mwen pran de fwa paske mwen te santi mwen te aprann anpil. Palè yo tap vini pou pale ki jan li enpòtan pou gen bon kredi epi sou progranm ki kapab ede moun pou achte yon kay. Mwen te vin konnen ke avèk èd yon progranm ki nan Kaonti‑a, mwen tap gen yon chans pou realize rèv mwen an epi achte yon kay pou pwop tèt mwen. Mwen te konmanse ap gade toupatou pou yon plas mwen kapab achte pou yon bon pri. Pwiske Manman mwen pa tèlman kapab degaje menm jan li te fè lontan, mwen te mande li si li ta vle pou pataje yon kay avèk nou. Mwen te tonbe nan lanmou avèk yon ti kay nan yon chemen ki byen trankil epi lè nou te deplase pou rive la, rèv mwen te vin vre tout bon.

